Kesyon fanm ak pozisyon fanm ak gason se te yon kesyon ki pat diskite menm nan reyinyon sou Ayiti ki fèt le 31 mas pou Konferans Donatè Entènasyonal lan nan New York, kote pwomès fèt pou bay anpil milyon dola pou rekonstriksyon peyi an.
Plan Nasyonal Aksyon Ayiti an, ki se plan direktè pou efò rekonstriksyon yo e pou alokasyon resous yo, baze sou yon Evalyasyon Bezwen Post-Dezast (EBPD). EBPD an se rezilta yon travay ki pran de mwa pou Leta Ayisyen ansanm ak plis pase 250 moun ki soti nan Nasyonzini, Bank Mondyal, Inyon Ewopeyèn ak Bank EntèAmerikèn pou Devlopman kolabore pou yo fè. Malgre kalite gwo efò sa a, EBPD yo fè an pa abòde aspè kondisyon fanm nan pwopozisyon estrateji pou rekonstwi politik makwoekonomik, sosyal, anviwonnman an, e pou remete enfrastrikti yo ak gouvènans lan sou pye.